Anpil preparasyon, anpil depans gentan fèt
Pou lè jou sa rive mwen menm ak zanmim poun fè fèt.
Anpil manje, anpil gwòg, bèl mizik pou fèt la bèl madi
Se poutèt sa tout envitasyon gentan prè depi samdi.
Tout zanmim yo, fè yon Jan, madi vin kanmèm.
Bèl fèt serye paske nou envite bon moun
Menm si jiska lafen nou tout ap tann Tamoumoun.
Manzè se rèn Cha, wa se sal renmen menm
Se pou sa jiska prezan seli nap tann menm
Paske nou te dil madi vin kanmèm.
Zanmi Tamoumoun yo pa timid ditou epi yo alèz.
Avèg oswa pa avèg wap wè sak sou yo alèz.
Nou pagen dèt, nou se grandèt, donk pade Perèz
Menm si nou wè lòt medam yo ta vle ba nou rèz
Konnen envitasyon an se te madi vin kanmèm.
Fèt fini, Timamoun tande sa li fache fè figil rèd
Plèzi gwòg, fatig te fè kò nou rèd.
Men gen kèk blòdè ki kanpe rèd
Pou di yap bay tout èd
Pou lòt madi vin pi rèd.
Cliffton Sylvain
Tel:(+509)36 09 19 26
cliffton.syl@gmail.com
Aucun commentaire:
Publier un commentaire